AlainShow — Solèy Débat

PolitikSeptember 10, 2026

Jenerasyon Solidè: yon nouvo pati politik fè antre li nan lakou politik la

Jodi Jedi 10 septanm 2026, yon gwoup jèn ki soti Leyogàn, ansanm ak lòt sitwayen, anonse kreyasyon ak lansman Jenerasyon Solidè, yon nouvo pati politik ki di li vle pote yon lòt vizyon ak yon lòt fason pou moun pratike politik nan peyi d Ayiti.

AlainShow

Kontribitè

ALAINSHOW! JENERASYON SOLIDÈ! SE YON NOUVO PATI POLITIK KAP FRAPE POURANTRE NAN GRAN LAKOU. Jodi Jedi 10 septanm 2026 Peyizaj politik ayisyen an gen yon nouvo òganizasyon ladan l. Yon gwoup jèn ki soti Leyogàn, ansanm ak lòt sitwayen, anonse kreyasyon ak lansman Jenerasyon Solidè, yon nouvo pati politik ki di li vle pote yon lòt vizyon ak yon lòt fason moun pratike politik nan peyi d Ayiti. Dapre yon kominike responsab yo pibliye, Jenerasyon Solidè fonde sou prensip tankou transparans, jistis sosyal, ekite ak angajman sitwayen. Pati a prezante tèt li kòm yon fòmasyon politik ki vle rasanble pèp ayisyen an, depase divizyon politik tradisyonèl yo epi patisipe nan konstriksyon yon Leta ki jis, efikas, transparan ak responsab. « Nou pa vini pou nou ajoute yon lòt vwa, men nou vini pito pou nou pote yon lòt fason pou fè politik ak yon nouvo jenerasyon lidè », se sa responsab yo fè konnen nan kominike a. Yon pati ki deklare tèt li santris Nan yon moman kote Ayiti ap fè fas ak gwo kriz politik, sosyal, ekonomik ak sekiritè, Jenerasyon Solidè anonse li vle pozisyone tèt li kòm yon pati santris. Li di li vle kreye yon espas rasanbleman ki kapab mete plizyè jenerasyon ansanm sou baz yon vizyon ki chita sou reyalite peyi a. Nouvo pati a prezante tèt li kòm yon altènativ « konkrè, dirab ak imen » ki vle pote repons pou aspirasyon ak bezwen pwofon pèp ayisyen an, pandan li mete solidarite nan sant aksyon politik li. Soti nan deklarasyon pou rive nan aksyon Sepandan, kreyasyon yon nouvo pati politik pa sifi pou pwouve li reprezante yon vrè altènativ. Popilasyon an ap bezwen konnen pwogram politik Jenerasyon Solidè a, estrikti li, fason li pral finanse aktivite li yo, pozisyon li sou gwo dosye nasyonal yo ak mezi konkrè li pwopoze pou sekirite, jistis, ekonomi, edikasyon ak gouvènans. Se sou kapasite responsab yo pou yo tradwi prensip yo an aksyon, respekte transparans yo pwomèt la epi rete konekte ak bezwen popilasyon an kredibilite nouvo pati sa a pral mezire. Kominike lansman an pote siyati Clichy Pierre ak Stephane Sanon. Pou plis enfòmasyon, pati a mete nimewo sa a disponib +509 4752 6152. AlainShow ap kontinye swiv devlopman nouvo fòmasyon politik sa a, prezante pwogram li epi bay piblik la enfòmasyon sou moun ki fòme direksyon li. Pou moman sa li gen yon figi disponib. Nou se AlainShow Solèy Deba!

Rete enfòme

Abòne pou resevwa nouvèl verifye

Chak nouvèl pase nan verifikasyon anvan nou pibliye l. Se gratis, epi ou ka sispann lè w vle.

Resevwa nouvèl AlainShow yo

Abòne pou w resevwa gran tit ak analiz nou yo pa imèl.

Kòmantè

  • Poko gen kòmantè. Se ou k ap premye a.
← Retounen lakay