AlainShow — Solèy Débat

PolitikAugust 25, 2026

Maître Evel Fanfan : soti nan batay pou dwa moun rive nan anbisyon prezidansyèl, èske lap jwenn benediksyon pèp Ayisyen an?

Nan yon peyi kote sistèm jistis la ap fè fas ak ensekirite ak enpinite, Maître Evel Fanfan — prezidan AUMOHD — soti nan batay pou dwa moun pou li kounye a pareyèt kòm yon potansyèl kandida pou prezidans Ayiti. AlainShow poze kestyon an: èske parcours li kòm defansè dwa moun ka tounen yon pwojè gouvènman, epi èske li ap jwenn benediksyon pèp ayisyen an?

ALAINSHOW | PÒTRÈ POLITIK Nan yon peyi kote sistèm jistis la ap fè fas ak feblès enstitisyonèl, ensekirite ak enpinite, gen avoka ki chwazi pa limite travay yo sèlman ak pledwaye devan tribinal. Maître Evel Fanfan fè pati pèsonalite ki, depi plizyè ane, angaje yo nan defans dwa moun ak aksè a lajistis ann Ayiti. Avoka, politològ ak militan dwa moun, Me Fanfan se prezidan AUMOHD — Association des Universitaires Motivés pour une Haïti de Droit, yon òganizasyon ki travay nan asistans legal, defans viktim ak pwomosyon Leta de dwa. Men jodi a, yon lòt kestyon kòmanse poze sou avni li: èske eksperyans sa a kapab mennen Evel Fanfan soti nan batay dwa moun pou rive nan pi gwo responsablite politik peyi a? Me Fanfan parèt kòm yon potansyèl kandida pou prezidans Ayiti. Men yon bon CV pa genyen eleksyon. Se la vrè egzamen an kòmanse. Yon parcours ki mare dwa ak syans politik Selon enfòmasyon biyografik AUMOHD pibliye, Evel Fanfan te fèt 10 fevriye 1975. Li te antre nan etid syans jiridik nan fen ane 1990 yo nan Faculté de Droit et des Sciences Économiques des Gonaïves. Li genyen tou yon parcours nan syans politik ak sosyal. Konbinezon sa a pèmèt li evolye pandan plizyè ane nan kestyon ki touche jistis, dwa sitwayen, fonksyònman Leta ak responsablite otorite piblik yo. Men gen yon diferans fondamantal ant konnen Leta, kritike Leta ak dirije Leta. Si Me Fanfan antre ofisyèlman nan kous prezidansyèl la, se sou diferans sa a elektè yo pral bezwen teste li. AUMOHD: yon batay bò kote moun ki pi vilnerab yo Nan tèt AUMOHD, Me Fanfan te patisipe nan plizyè demach pou pote asistans legal bay moun ak kominote ki viktim vyolans. Nan kad dosye Grand Ravine ak Martissant, travay AUMOHD te mete aksan sou asistans legal, òganizasyon kominotè ak defans dwa viktim yo. Angajman sa a mete Me Fanfan nan kategori aktè ki pa sèlman pale de dwa moun nan medya, men ki te mennen batay sou teren legal la. Yon angajman ki te vini ak risk Travay li pa t san konsekans. An 2006, Amnesty International te pibliye aksyon ijan konsènan menas lanmò ak zak entimidasyon kont Evel Fanfan, fanmi li ak moun ki te asosye ak travay AUMOHD. Sa montre nivo risk kèk defansè dwa moun te oblije pran nan yon peyi kote kestyon jistis ak enpinite kapab touche gwo enterè. Men kestyon politik la rete antye: Èske kouraj pou denonse yon sistèm vle di otomatikman yon moun gen kapasite pou transfòme sistèm nan lè li rive sou pouvwa? Repons lan pa otomatikman wi. Soti nan defans dwa moun pou rive nan Palè Nasyonal? Se isit la parcours Me Evel Fanfan pran yon nouvo dimansyon. Si li deside chèche prezidans peyi a, popilasyon an pap sèlman bezwen tande sa li te denonse pandan tout ane sa yo. Li pral bezwen konnen sa li pwopoze pou fè diferan. Ki plan li pou sekirite a? Ki jan li ak ekip li pral refòme sistèm jistis la? Ki politik ekonomik li pral mete sou pye pou kreye travay? Ki vizyon li genyen pou edikasyon, sante ak agrikilti? Ki jan li pral konbat koripsyon san jistis pa tounen yon zouti vanjans politik? Ki relasyon li pral etabli ak dyaspora a ak kominote entènasyonal la? E sitou: ki ekip li genyen pou transfòme prensip li defann yo nan politik piblik la ki kapab bay rezilta? Se kestyon sa yo ki dwe pèmèt elektè yo pase soti nan admirasyon pou yon pakou rive nan evalyasyon yon pwojè prezidansyèl. Èske l ap jwenn “benediksyon pèp la”? Se yon lòt kesyon ankò! Nan politik, repitasyon kapab ouvri pòt. Men se pa repitasyon ki pou kont li ki mete yon kandida nan Palè Nasyonal. Me Evel Fanfan kapab antre nan deba prezidansyèl la ak yon kapital eksperyans nan dwa, dwa moun ak Kestyon enstitisyonèl. Men li ta bezwen konvenk yon popilasyon ki ap mande sekirite, travay, manje, elektrisite, lekòl, lopital ak yon Leta ki fonksyone. Se poutèt sa AlainShow poze kestyon an san fè pwomosyon ni kondanasyon: Apre plizyè ane ap defann dwa sitwayen yo, èske Maître Evel Fanfan kapab konvenk Ayisyen yo pou yo konfye l direksyon Leta a? Èske eksperyans li kòm avoka ak defansè dwa moun kapab tounen yon pwojè gouvènman? Èske li kapab rasanble pi lwen pase sèk sosyete sivil ak mond jiridik la? E finalman, èske Me Evel Fanfan ap jwenn benediksyon pèp ayisyen an pou rive nan Palè Nasyonal? Repons lan pap soti nan tit li, ni nan parcours li sèlman. Se vizyon li, ekip li, pwogram li, kapasite li pou rasanble finalman vòt sitwayen yo ki dwe bay repons lan. ALAINSHOW Enfòme • Analize • Poze kestyon ki dwe poze

Kòmantè

  • Poko gen kòmantè. Se ou k ap premye a.
← Retounen lakay